FILM CHRÉTIEN HAÏTIEN ||COMPILATION SAISON 2 | FULL SAISON || CINÉ CHRÉTIEN PRODUCTION

41 Vues
Published
#PWISANS_LEVANJIL #WEB_SERIE #ABONE #PATAJE #KOMANTE

Istwa 2 Konpè kap viv nan yon katye yo rele BOUDOU. Youn rele Djo ki se Pitit Youn nan 3 Gwo MALFEKTÈ nan katye sa, lot la rele MASEYIS, ki leve nan vodou, e kap sèvi.

3 MALFEKTÈ sa yo te Sel Kok chante nan Katye sa, e yo te deside fok yo prépare yon lot jeneresyon, pou lè yo mouri, pou zòn nan toujou sou Kontwol lwa yo ak fanmi yo, yo te met tèt yo ansanm pou prépare Pitit yo, inisye yo nan domèn nan, Se te : DJO, ANDEZO, DYEFÒ.

Apre plizyè ane vre, papa Mesye yo vin mouri, yo kontinye menm Travay papa yo tap fè nan zòn nan, Anyen pa amelyore, o kontrè sa vin pi mal.

Kontinye gen Anpil méchanste nan katye a, MALFEKTÈ yo se sèl kòk chante, se yo sel ki fè lalwa nan zòn sila. Djab ap taye banda, simen latwoublay, la perèz ak mal blayi tou nwa nan Boudou.

Yon jou youn nan 2 Konpè yo, Pitit youn nan defen MALFEKTÈ yo, DJO, arive vin konvèti, li kwaze ak jezi, li tèlman kontan nouvèl eksperyans lan, li pataje l ak Konpè'l Maseyis, Maseyis telman sezi, li wè Pitit youn nan pi gwo MALFEKTÈ nan zòn nan deside konvèti, e ap dil kijan lavi'l chanje nan JEZI, li deside fè eksperyans sa tou.

DJO deside met tèt li ansanm ak Maseyis pou yo chanje sa, pou yo pote yon revèy nan Boudou, pou djab sispann fè moun mal, pou MALFEKTÈ sispann RENYE, Pou jezi fè otorite.

Depi jou sa, Revèy la komanse ap grandi nan Boudou, moun ap konvèti Youn aprè lot. Bagay sa monte kolè Pitit lot 2 gwo MALFEKTÈ yo, ansyen bon ZANMI FR DJO, DYEFÒ ak ANDEZO. Yo kòmanse ap atake tout kretyen yo, Paske yo di yo pap kite Moun vin fè djab yo pèdi respè nan zòn nan, Boudou se pou lwa yo, e se yon eritaj papa yo te kite pou yo, yap kite'l pou Pitit yo.

Sa'w Tande a, lagè pete nan Boudou. Mpap fin baw tout istwa a, Ann Swiv kòman sa ap dewoule e kòman sa ap fini nan Katye BOUDOU.

CINE CHRETIEN PRODUCTION SE YON GWOUP AKTE KRETYEN, KI DESIDE METE TET YO DISPONIB PRECHE LEVANJIL NAN SINEMA. MEYE FASON W KA SIPOTE MINISTE SA, SE PRIYE POU NOU , GADE , ABONE , PATAJE , KOMANTE , ENVITE LOT ZANMIW FE MENM BAGAY LA
Catégories
vidéos/films
Soyez le premier à commenter cette vidéo.